top of page
Motif abstrait violet

Platfòm AVNIW : yon espas pou ede w chwazi pi byen epi rive pi lwen.

  • Writer: AVNIW
    AVNIW
  • 14 hours ago
  • 2 min read

Yon lòt etap


Apre plizyè mwa travay, Sant AVNIW lanse yon espas anliy pou gide w sou wout fòmasyon w ak karyè w.


Kounye a, lè w antre nan espas pèsonèl ou sou avniw.com, ou kapab :


  1. Pase Tès Pozisyònman w ak Oryantasyon w (TPO), pou w eksplore sa w renmen fè ak sa w ka fè pi byen kòm etid ak travay


  2. Bilan Pozisyònman w ak Oryantasyon w (BPO), yon ti chita pale ak yon konseye pou analize rezilta TPO a epi avanse sou pwojè karyè w.


  3. Itilize ䷽𝖺𝗂𝗍𝗂 𝖯𝖺𝗍𝗁𝗐𝖺𝗒𝗌 𝖣𝖺𝗍𝖺 pou dekouvri fòmasyon yo, inivèsite, sant fòmasyon teknik ak pwofesyonèl ki disponib pou chak domèn, nivo ak rejyon.


  4. Itilize AVNIWۯ𝗼𝗯𝘀 pou swiv tandans ak tanperati mache travay la chak jou, jwenn akonpayman epi chwazi òf ak opòtinite ki plis kadre ak pwofil ou.


  5. Itilize aplikasyon Je crée mon CV ❗ pou prepare yon CV tou gòl, epi aprann mete valè sou valè w.


  6. Itilize aplikasyon Je rédige ma LM ❗ pou devlope konpetans ou nan kominikasyon alekri, aprann itilize zouti dijital yo nan yon kad etik, san plajya, epi prepare yon lèt motivasyon tou gòl !


  7. Dekouvri 𝗔𝗕𝗖 : 𝗔près le 𝗕ac,𝗖hoisir, LIV la ! Lil l, ofri l. Plis ke yon liv....


  8. Jwe ĐEKODEM pou dekouvri mak fabrik ou, fòs ou ak sa w dwe amelyore, sa ki mache nan san w, ak fason ou fonksyone.


  9. Jwe METYΞ ΛGOGO pou konnen metye yo pi byen epi konprann pi byen kijan Entèlijans Atifisyèl (EnA) ap chanje vizaj ak nannan anpil ladan yo.


  10. Jwe ₮RASE CHIMEN pou w ka konn ki wout pou w pran, dekouvri opsyon ki ka ba w sa w bezwen an, epi pwojte tèt ou nan lavi a.


    ENSKRI EPI KÒMANSE KOUNYE A 👇

 

AVNIW

Rezo nasyonal pou enfòmasyon ak oryantasyon pwofesyonèl nan peyi Dayiti



Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page